«Jounen jodi a, pou yon nonm gouvène, li pa
bezwen komèt yon bann inikite brital, dekapite
ennmi li yo, vòlò zafè moun, maspinen pèp la;
non, lanmò, vòl, fè moun soufri, bagay sa yo,
se yon ti wol senpman yo ka jwe nan politik
anndan Leta modenn yo». Se sa nou li nan
pajdo yon liv. Se vre jounen jodi a, bagay yo
chanje, pou yon nonm dirije, li pa bezwen ap
fè vyolans sou moun yo, maspinen yo, twonpe
konpatriyòt li yo, anpeche yo fè politik, egzile
yo, anpeche yo panse. Men gen yon bagay ki
pap janm chanje: yon nonm ap toujou bezwen
kawoupaka politik pou li dirije, bagay sa a
valab toutan, bagay sa a pap janm chanje. Se
sa mwen di.
We publiceren alleen reviews die voldoen aan de voorwaarden voor reviews. Bekijk onze voorwaarden voor reviews.